JFJesyon FasilRetounen nan paj dakèy
Dokiman Ofisyèl & Legal

Kondisyon Itilizasyon & Enfòmasyon Legal

Kondisyon jeneral ki gouvène itilizasyon platfòm Jesyon Fasil.

Dènye mizajou: Out 2026
Politik KonfidansyaliteKondisyon & Enfòmasyon LegalPolitik Cookies

1. Enfòmasyon Legal sou Konpayi an

Platfòm Jesyon Fasil opere epi jere pa antrepriz sa a:

Non Legal Biznis la: Jesyon Fasil

Imèl Ofisyèl: support@jesyonfasil.com

Adrès: Pòtoprens, Ayiti

Peyi / Jirisdiksyon: Ayiti

2. Akseptasyon Kondisyon Yo

Lè w kreye yon kont, w konekte oswa w itilize nenpòt fonksyonalite nan platfòm Jesyon Fasil, ou rekonèt ke w li, konprann epi aksepte san rezèv tout kondisyon itilizasyon sa yo. Si w pa dakò ak nenpòt pati nan kondisyon sa yo, ou pa dwe itilize sèvis la.

3. Deskripsyon Sèvis la

Jesyon Fasil se yon lojisyèl sou entènèt (SaaS) ki fèt espesyalman pou ede ti ak mwayen antreprenè jere aktivite komèsyal yo:

  • Katalòg pwodwi ak sèvis ak kontwòl stock an tan reyèl.
  • Sistèm pwen de vant (POS) pou anrejistre vant yo rapidman.
  • Jesyon fakti, resi peman, kliyan ak kont kredi.
  • Suivi depans ak rapò finansye / eta rezilta.
  • Kominikasyon ak aplikasyon mobil ak biwo (Desktop / Android).

4. Kont, Ekip ak Limit Vandè

  • Otantisite Done: Ou garanti ke enfòmasyon ou bay pandan enskripsyon an (non biznis, imèl, adrès) se veridik e egzak.
  • Konfidansyalite Modpas: Ou responsab pou sekirite modpas ou ak tout aktivite ki fèt anba kont ou oswa kont manm ekip ou otorize.
  • Limit Vandè ki Enkli: Chak biznis ka anrejistre jiska 3 vandè ki enkli nan abònman debaz la. Apati katriyèm (4yèm) vandè a, yon frè adisyonèl pou chak vandè anplis ap aplike dapre konfigirasyon administrasyon an.
  • Itilizasyon Konfòm: Ou angaje w pou pa itilize platfòm nan pou rezon ilegal, aktivite fwod oswa pou estoke kontni ki vyole lwa an vigè.

5. Abònman, Peman ak Delè Konsèvasyon Done

  • Plan ak Tarif: Jesyon Fasil ofri diferan plan abònman (tankou Plan ESANSYÈL ak lòt plan avanse ki ka pibliye). Pri, limit ak kondisyon espesifik chak plan afiche sou sit la.
  • Metòd Peman: Peman yo ka fèt pa MonCash, NatCash oswa transfè labank. Itilizatè a dwe soumèt yon prèv peman pou validasyon.
  • Peryòd Gras: Lè abònman ou rive nan dat ekspirasyon li, sistèm nan akòde yon peryòd gras pou pèmèt ou renouvle san w pa pèdi aksè a done ou imedyatman.
  • Blokaj ak Règleman 100 Jou pou Reta: Si peman an pa fèt apre peryòd gras la fini, aksè a fonksyonalite platfòm nan ap sispann jiskaske peman an regilarize. Jesyon Fasil ap konsève done ou yo an sekirite pandan yon delè maksimòm 100 jou apre dat ekspirasyon an. Si apre 100 jou sa yo kont lan pa toujou regilarize, tout done biznis la ap efase nèt nan sistèm nan epi w ap oblije kreye yon nouvo kont.

6. Pwopriyete Entelektyèl

Tout kòd sous, konsepsyon, logo, mak, tèks ak grafik ki sou platfòm Jesyon Fasil se pwopriyete eksklizif Jesyon Fasil. Ou pa gen dwa kopye, modifye, distribye oswa fè enjenyeri ranvèse sou okenn pati nan sistèm nan.

Ou rete sèl mèt tout done, pwodwi, fakti ak enfòmasyon biznis ou mete nan sistèm nan.

7. Disponibilite ak Limit Responsablite

Nou fè tout efò rezonab pou garanti yon disponiblite sèvis kontinyèl (24/7). Sepandan, Jesyon Fasil pa ka responsab pou entèripsyon ki soti nan pann rezo entènèt nasyonal, ka fòs majè oswa antretyen teknik pwograme.

8. Lwa Aplikab ak Jirisdiksyon

Kondisyon sa yo reji epi entèprete dapre lwa ki an vigè nan Ayiti. Nenpòt litij ki ta sòti nan itilizasyon sèvis la ap trete devan tribinal konpetan nan jiridiksyon sa a.

© 2026 Jesyon Fasil. Tout dwa rezève.

KonfidansyaliteKondisyonCookiesPaj Dakèy