1. Entwodiksyon ak Angajman Nou
Nan Jesyon Fasil, nou rekonèt enpòtans kritik enfòmasyon komèsyal ou ak done pèsonèl ou. Politik sa a eksplike an detay ki done nou kolekte lè w itilize platfòm Jesyon Fasil, pou ki rezon nou itilize yo, ak kijan nou asire pwoteksyon yo.
Lè w enskri oswa itilize sèvis nou yo, ou fè nou konfyans ak enfòmasyon biznis ou. Nou pran angajman solanèl pou nou pa janm vann, lwe oswa ekspoze done sa yo bay okenn konpayi tyès pou rezon komèsyal oswa piblisitè.
2. Ki Done Nou Kolekte?
Pou nou kapab ofri w yon sèvis jesyon efikas ak sekirize, nou kolekte:
- Enfòmasyon sou Kont ou: Non ou, adrès imèl pèsonèl ak pwofesyonèl, nimewo telefòn ak modpas chifre (hash sekirize).
- Enfòmasyon sou Biznis la: Non biznis la, adrès fizik, logo ak enfòmasyon legal ki gen rapò ak operasyon ou.
- Done Operasyonèl & Komèsyal: Katalòg pwodwi ak sèvis, nivo stock, pri acha ak vant, dosye kliyan, tranzaksyon lavant, fakti, depans ak resi.
- Done Peman & Abònman: Prèv peman abònman, metòd peman itilize (MonCash, NatCash, transfè labank) ak referans tranzaksyon.
- Done Teknik & Sesyon: Adrès IP, Ki aparèy oubyen navigatè wap itilize, jounal koneksyon ak aktivite sekirite (Security Audit Logs).
3. Poukisa Nou Itilize Done Sa Yo?
Done nou kolekte yo itilize sèlman pou rezon sa yo:
- Bay ak kenbe fonksyonalite platfòm nan (jesyon stock, kalkil lavant, emisyon fakti ak resi).
- Asire sekirite kont ou ak anpeche aksè san otorizasyon oswa aktivite fwod.
- Voye notifikasyon enpòtan konsènan kont ou, tankou rapèl ekspirasyon abònman oswa alèt sekirite.
- Pèmèt sipò teknik reponn a kesyon ou yo ak rezoud pwoblèm ou rankontre.
4. Pwoteksyon, Sekirite ak Izolasyon Done
Nou aplike estanda sekirite wo nivo pou garanti ke done ou rete an sekirite:
- Izolasyon Multi-Tenant: Done chak biznis separe nèt nan nivo baz done a. Okenn lòt biznis pa ka wè oswa jwenn aksè nan lavant, pwodwi oswa kliyan ou.
- Chifreman Modpas: Modpas ou yo chifre ak algoritm sofistike (bcrypt) anvan yo anrejistre. Pèsonn nan ekip nou an pa gen aksè a modpas ou.
- Kominikasyon Sekirize: Tout echanj ant aparèy ou ak sèvè nou yo pwoteje pa pwotokòl chifreman HTTPS / TLS.
- Sovgad Regilye (Backups): Nou fè sovgad regilye pou evite nenpòt pèt done nan ka ta gen yon pann teknik.
5. Pataj Done ak Tyès Pati
Nou pap janm vann done ou yo. Nou pataje enfòmasyon sèlman nan ka sa yo:
- Founisè Enfrastrikti Esansyèl: Sèvè hosting sekirize ak sèvis voye imèl tranzaksyonèl (pa egzanp, pou voye lyen modpas ou).
- Obligasyon Legal: Sèlman si yon tribinal oswa yon otorite legal konpetan egzije sa anba lwa ki aplikab nan Ayiti.
6. Dwa Ou Kòm Itilizatè
Ou gen tout kontwòl sou done ou:
- Dwa pou wè ak korije: Ou ka modifye enfòmasyon biznis ou ak pwofil ou nenpòt lè nan espas konfigirasyon an.
- Dwa pou ekspòte: Ou ka telechaje rapò lavant, fakti ak lis kliyan ou yo sou fòma estanda.
- Dwa pou sipresyon: Si ou deside fèmen kont ou, ou ka mande pou tout done ou yo efase nèt nan sistèm nou an.
7. Kontak ak Responsab Pwoteksyon Done
Si w gen nenpòt kesyon, kòmantè oswa demand konsènan fason nou jere done ou, tanpri ekri nou: